Fil de navigation

Zanmi, kanmarad, patriyot, nèg sa a ( Mèt Moy)ki poze kessyon sa yo wè lwen e li klè nan sal di.

Mezanmi lè li bon,di li bon.

Nou pataje atik sa ak tout lektris, lektè nou yo.Nou remèsye entènot ki voye l pou nou an.

NPCH (ML)

Nan peyi nou an, anpil moun depi lontan ap pale de chanjman. Sa fé ke séten gwoup konsidere tét yo tankou fós ki anfavé chanjman epi deklare ke  lót gwoup se fós ki kont chanjman. Sél bagay ki pa janm klé pou pésonn moun se de ki chanjman yap pale a . Se kóm si mo chanjman pou kont pa li te  di tout sa ki lan vant li. Anpil fwa , plis ke    pa di sa yo vle chanje a pwoblém nan sé ke yo rete nan jeneralite tankou: « Gwo kap vale piti, moun kap kenbe pép la nan iyorans,  sekté ki pa enterese nan devlopman peyi a,  moun ki feyodal etc.

    Yo pa janm defini, klé kou dlo kokoye, ki bagay yo vle chanje yo, pou kisa sa merite chanje, ki jan pou chanjman yo fét, ak ki fós epi ak mwayen yap reyalize chanjman yo e nan konbyen tan chanjman yo dwe epi kapab fét. Non plis yo pa di si se chanjman sou po ou byen si se chanjman nan rasin ni ki difikilte ki pral rankontre  pou transfóme séten reyalite . Sa kóz ke demagoji fé mikalaw sou pawól sa a. Sa bay enpresyon tou ke fé chanjman se yon bagay ki fasil .

   Nou dwe di anpasan ke nou jwenn sa anpil nan politik  peyi nou an : anpil eslogan lanse nan lé a , anpil moun ap repete yo tankou jako repét san yo pa konn egzakteman sa pawól yo vle di. Moun ki lanse yo a pa janm pran tan pou esplike popilasyon an ki lide yo gen lan tét yo e ankó mwens mande yo sa yo panse de kesyon an oubyen diskite sa avé yo pou asire yo ke kominikasyon an byen pase. Nou kap sipoze ke anpil fwa lidé yo pa enterese vréman pou pép la aprann poze pwoblém yo byen, ke yon gen yon bon edikasyon politik, ke yo konprann nannan jwét politik la ak wól prensipal fós kap patisipe ladann yo. Sanble tou ke yo ta pi renmen ke popilasyon an swiv yo je fémen, tan kou yon bann egare olye ke li ta gen kapasite pou denonse, kritike, fé pwopozisyon anpi metemen nan solisyon yo ak lide ke tout moun nesesé men pésonn pa endispansab..

    Sa fé nou sonje ke nan kanpay elektoral 1957, Daniel Fignolé, lidé ki te tré popilé,  kandida ala prezidans, te renmen di ke li se yon demokrat pa prensip epi yon demokrat konsekan. Pawól sa a te lan bouch yon pakét moun. Yon bon jou, pandan yon reyinyon zanmi apre yon miting, yon nég  byen move  deklare ke fók li bay madanm ni yon je baton pou fi ya kap konprann ke li pa nan rans ak moun e ke li se yon demokrat pa prensip epi yon demokrat konsekan. Matcho aryere ki pa respekte  dwa fanm epi  kap itilize baton kouvri ak bandwól demokrasi pou bat madanm ni ! Tande ak wé se de , rakonte se twa. Kididonk, sans mo demokrasi a te antre krochi nan tét nég sa a. Menm sitiyasyon sa a egziste jodi a e sa fé nou mezire gwosé travay edikasyon sivik ak pedagoji politik ki dwé fét nan tout nivo yo epi san pédi plis tan.

   Pou evite konfizyon sa yo, le´nap pale de chanjman li enpótan pou gen presizyon. Se pa de bagay ki merite  chanje an Ayiti : jan yo fé politik nan peyi a, jan yo rann la jistis, jan gwo vale piti, modél ekonomik ke gouvénman yo aplike, jan koripsyon penetre nan tout mwél sosyete a , jan manke transparans menm jan nan gouvénman ke nan óganis sosyete sivil yo, jan pati yo manke resous pou fé aktivite yo, jan manke demokrasi anndan pati politik yo, jan politisyen fé demagoji ak pwoblém moun ki pi póv yo, jan leta etabli relasyon l ak sosyete a, jan pwoblém peyizan pa enterese moun kap fé politik yo, jan kesyon lang ofisyél yo poze a, jan mantalite kraze brize a pi fó ke mantalite bati ansanm pou n avanse, jan lekól bólet ap bay edikasyon dezyém men, jan pwóblém anviwonnman yo pa resevwa ase atansyon otorite yo ni rés sosyete a, jan pép la mal óganize oubyen pa óganize ditou, jan gen vyolans kont fanm ak ti moun anndan majorite fanmi ayisyen yo, jan moun diskriminen moun nan sosyete a, jan leta pa pran responsabilite l, jan yon pakét ómdafé refize peye enpo pou ba leta mwayen pou atake séten pwoblém, jan manke diskisyon sou pi prensipal pwoblém  yo ak pwopozisyon sou jan pou yo rezoud etsetera era. Men chanje ki jan ? Chanje aparans pou tout bagay rete menm jan ? Chanje pou ogmante priviléj yon sél sekté ? Chanje pou yon gwoup néf vin gen priviléj epi rés peyi a rete san dwa l pa respekte ? Chanje pou peyi a kap vin pi solidé , pi demokratik ak mwens mizé, mwens inegalite ?  Pawól sa yo merite esplike , kómante , diskite pa sélman ant entélektyél ak gwo politisyen men nan tout kay, tout legliz, tout atelye travay, tout lekól.

  Si pwoblém sa yo, ak tout lót nou pa site yo, ta poze san demagoji ( kisa, kijan, ki mwayen materyél ak ki moun, nan konbyen tan),  jan pou tout moun ta kap konprann yo, pa gen okenn dout ke ta gen plis akó ant ayisyen ak plis posiblite pou nou ta jwenn chanjman peyi a bezwen yo. Sa ta pémét nou touT konprann pi byen ki fós ak ki moun ki anfavé oubyen kont ki chanjman. Sitou fók nou di tou ke yon moun oubyen fós kapab anfavé yon chanjman ke li jije nesesé epi li kont yon lót chanjman.

 Pou tét sa depi yon lidé, yon pati oubyen yon lót sitwayen ap pale de chanjman, ann mande ke l ateri pou nou kapab byen si de kisa l ap pale a. E se pa sou chanjman sélman nou dwe gen atitid sa a se sou tout lót gwo pawól yo. Avék sa, ap  gen mwens manipilasyon, mwens blóf epi nap kap antann nou pi byen

Ki JAN OU MENM OU WÊ PWOBLÊM NAN?
 Mèt Moy.