Fil de navigation

Nan diskisyon idewolojik nap fè andedan NPCH, nou kon mete anpil atik ke nou resevwa nan men kmarad militan nou yo pou diskite.

Jodiya, nou retouren sou yon atik ke Kawonabo ekri. Atik la enteresan anpil. Men nou panse li ta bon pou ta gen yon bonjan diskisyon ki fet sou li nan mitan lari.  Nou ta renmen ke tout moun ki wèl reaji. Ban nou opinion nou sou li. Li enpotan anpil pou nou fè lit la avanse. 

REFLEKSYON SOU AYITI 13 – 19 OUT 2019

 

ANN TRASE YON CHIMEN NOUVO!

 

Klas dominan reyaksyonè yo, peyi kolon enperyalis yo ak politisyen abolotcho yo depi plis pase 200 lane fòse nou pran yon chimen ki mennen nou menm Pèp Ayisyen an nan yon mizè ekstrèm, nan yon lanfè san fen. Tach imedya nou se degaje nou kou mèt Janjak pou NOU TRASE YON CHIMEN NOUVO KAP MENNEN NOU NAN BYENNÈT KOLEKTIF NAP CHACHE A.

 

E se nou menm kolektivman nan Kan Pèp la ansanm ki pou konstwi CHIMEN NOUVO SA A.Fòk nou mete tèt nou dabò alawotè Listwa Peyi d Ayiti. Moun ki pran direksyon peyi a e ki kenbe nou ann otaj depi plis pase 200 lane yo pa janm alawotè listwa peyi d Ayiti. 

 

Apati dojoudui, se nou menm nan Kan Pèp la ki pou pran desten nou nan pwòp men nou pou nou kapab vin MÈT DESTEN noupaske se nou ki se SÈL ATIZAN PWÒP EMANSIPASYON TÈT NOU AN JENERAL E EMANSIPASYON FÒS DE TRAVAY NOU, AN PATIKILYE. WI, NOU KAPAB!

 

Ositou, solisyon definitiv pwoblèm AYITI chita fondamantalman ak eksklizivman sou ÒGANIZASYON OTONÒM AK LIT OTONÒM MAS POPILÈyo sou DIREKSYON PWOLETARYA a.

 

Sepandan, pou debleye teren an e debloke peyi a, SOULÈVMAN DEMOKRATIK POPILÈ A SOU LIDÈCHIP PWOLETARYA A SE YON NESESITE IJAN AK IMEDYA!

 

Se tout sa ki pral pèmèt nou konstwi CHIMEN NOUVO AN E PRAN DESTEN NOU AN MEN TOUTBON. 

 

************************************

 

EMÈJANS MILITAN REVOLISYONÈ PWOLETARYEN

 

Moman an mande emèjans MILITAN REVOLISYONÈ PWOLETARYEN NAN BATAY MAS POPILÈ YO. Kisa ki Pwofil Militan Revolisyonè Pwoletaryen yo? Militan Revolisyonè Pwoletaryen yo se esansyèlman moun ki apatni a klas pwoletaryen yo e ki nan batay pou transfòmasyon rapò sosyal akayik yo an jeneral e rapò de pwodiksyon eksplwatasyon yo an patikilye epi ki rive devlope yon Nivo Konsyans Politiko-Ideyolojik Trè Elve, Trè Avanse. Militan Revolisyonè Pwoletaryen yo travay pou klas pwoletaryen an pase de klas answa an klas pou swa ak konsyans klè ke bi PWOLETARYA A se ranvèse klas dominan reyaksyonè yo epi pran pouvwa politik la. Sa vle di se moun ki rive fè Depasman de Swa, Ki rive mete Enterè Kolektivite a anvan Enterè Pèsonèl. 

 

Se moun nan pratik politik yo, nan aktivite toulejou yo, ki mete enterè mas popilè yo anvan enterè pèsonèl pa yo. Se moun ki pran enterè fondamantal mas popilè yo kòm bousòl aktivite pratik yo toulejou. Se moun tou ki gen fwa nan lit mas popilè yo, e ki rive konprann pou mas popilè yo emansipe tèt yo, fòk yo ranvèse opresè yo, eksplwatè yo ak tout mòd de pwodiksyon akayik yo a nan yon chanjman sosyal total nan rasin menm, sou direksyon pwoletarya a, pi vit posib. 

 

Se moun ki kwè ke “emansipasyon pwoletè yo se tach santral pwoletè yo, yo menm.” Se moun tou ki kwè nan enterè komen tout pwoletarya mond la, endepandamman de nasyonalite. Anplis de sa, a chak etap devlopman lit pwoletarya a, yo toujou reprezante, a tou moman, enterè global mouvman pwoletaryen an. Se moun ki kwè nan abolisyon pwopriyete prive boujwa ak feyodal. Se sa ki MILITAN REVOLISYONÈ PWOLETARYEN AN.

 

Konsa, Militan Revolisyonè Pwoletaryen an se yon konstriksyon ki natirèlman ak òganikman emèje/evolye/devlope a diferan degre ak etap nan batay mas popilè yo an jeneral e nan lit pwoletarya a an patikilye. Konstriksyon Militan Revolisyonè Pwoletaryen yo ap fèt nan Pratik òganize mas popilè yo, nan pwoletarya a an patikilye. Metòd syantifik la se LIT IDEYOLOJIKkote gen KRITIK-OTOKRITIKkonstan kap fèt e kote yo aplike prensip INITE-LIT-INITEnan òganizasyon yo. Ansuit, òganizasyon an pratike SANTRALISM DEMOKRATIKkòm mwayen pou pran epi aplike desizyon kolektiv. Konbyen òganizasyon/pati nou konnen nan peyi a ki aplike metòd demokratik sa a nan fonksyonman yo? Òganizasyon/pati ki rive aplike metòd de travay konsa se òganizasyon/pati ki pi demokratik ki ekziste nan listwa limanite. Se kalite òganizasyon pwoletaryèn konsa ki reprezante anbriyon PEYI NOUVO/SOSYETE NOUVO nap chache mete kanpe a.

 

Sa ki nesesè ki pou fèt nan peyi d AYITI jounen jodi a ap rive fèt lè nou rive konstwi LIDÈCHIP PWOLETARYEN AN. Se pi gwo tach nou, an patikilye, Jenès pwogresis ak revolisyonè a nan moman an: EMÈJANS MILITAN REVOLISYONÈ PWOLETARYEN POU KONSTWI YON LIDÈCHIP PWOLETARYEN  PEYI A BEZWEN AN. 

 

Peyi a swaf yon Mouvman Pwoletaryen Otonòm ak Endepandan! Militan Revolisyonè Pwoletaryen an se anfèt EVOLISYON YON NOUVO ESPÈS IMEN KI RIVE DEVLOPE KONSYANS SOSYAL, POLITIK AK IDEYOLOJIK LA A YON NIVO TRÈ ELVE KE NOU PA JANM KONNEN NAN TOUT LISTWA LIMANITE.

 

San yon Lidèchip Pwoletaryen, nou pap menm kapab rive fè yon Soulèvman djanm kap kapab transfòme rapidman an REVOLISYON POU RANVÈSE MÒD DE PWODIKSYON KAPITALISM-ENPERYALISM KRIMINÈL LA.

Gen moun ki gen dwa ap mande “Ki kote Militan Revolisyonè Pwoletaryen” sa yo ap sòti? Militan Revolisyonè Pwoletaryen yo pap sòti nan syèl, ni nan yon vakyòm. Se nan lit mas popilè yo yap sòti, donnen e konstwi. 

 

Klas dominan reyaksyonè yo ak enperyalis yo enpoze yon ekonomi akayik, reyaksyonè anti pèp nan peyi a ki anfèt efektivman ap “PWOLETARIZE”pwogresivman popilasyon an. Sa vle di majorite popilasyon an pa posede anyen ditou pou yo menm siviv. Sa yo genyen sèlman se Fòs de Travay bon mache agogo. Klas dominan reyaksyonè yo, politisyen abolotcho yo anba dikta peyi kolon enperyalis yo jèmen san nèf atravè pwoletarizasyon fòse sa a nan fòmasyon sosyal Ayisyèn la. 

 

Anfèt, enperyalism/mondyalizasyon/politik neyoliberal la ap pwoletarize mond la an grand pati. Yo elaji masivman kantite Fòs de Travay la toupatou nan mond la. Sa anfèt mete nou pi pre Revolisyon Pwoletaryèn Mondyal la ke tout lòt epòk istorik anvan yo. SA KI MANKE SE EMÈJANS LIDÈCHIP PWOLETARYEN LA NAN DIFERAN PEYI.

 

Ann Ayiti, menm jan ak anpil lòt kote nan mond la, se yon Fòs de Travay kap gaspiye paske pa gen anyen kap fèt nan peyi a, pa gen okenn pwodiksyon machandiz ni sèvis pou pèmèt moun travay. Sa lakòz tou gen yon gwo lame chomè ki pare pou pran plas de travayè aktyèl a tou moman. Sa mete patwon yo an meyè pozisyon pou eksplwate ouvriye yo a outrans nan faktori yo tou. 

 

Men an menm tan tou, se yon baz materyèl ak ekonomik pou emèjans de Militan Revolisyonè Pwoletaryen nan mitan mas popilè yo, ann Ayiti tankou nan diferan peyi nan mond la. Konsa, nou ka di a chak epòk istorik, gen emèjans resous, matyè premyè, kontradiksyon espesifik pa li pou vanse nan pwochen etap la. Baz ekonomik, sosyal ak politik la se anviwonman ki pèmèt ke nou kapab ranmase e pati de premis objektiv sila yo nan reyalite a pou nou vanse nan batay nou yo.  

 

Se yon baz ekonomik, sosyal ak politik kap grennen lamizè, ensekirite, ak vyolans reyaksyonè tousèl. Nan moman an, Ayiti anfèt ap ekspòte Fòs de Travay nan lòt peyi tankou Chili, Brezil, Meksik, Ajantin, elatriye. Pa ekzanp, gen plis pase 200,000 jenn Ayisyen ki pati ale Chili nan yon lane 2017-2018.

 

Kidonk, gen yon lit a koutèm, mwayen tèm e a lontèm pou Pèp la mennen pou ranvèse ekonomi sa a kap kenbe nou nan mizè ekstrèm sa a. Se nan batay sa a MILITAN REVOLISYONÈ PWOLETARYENyo ap kapab devlope òganikman osen de mas popilè yo. 

 

Se nan batay la MILITAN REVOLISYONÈ PWOLETARYENyo ap apwopriye Syans Materyalis Istorikla ak Filozofi Materyalis Dyalektikla ki se zouti teyorik pou gide pratik lit yo. E se ak zouti sila yo, MILITAN REVOLISYONÈ PWOLETARYENyo ap kapab konstwi LIDÈCHIP PWOLETARYEN ANKONSTRIKSYON LIDÈCHIP PWOLETARYEN AN SE YON NESESITE ISTORIK, E SE YON KESYON DAKTYALITE BRILANT.E se kalite Lidèchip sa a ki pi avanse nan mitan mas popilè yo e se li ki gen “avantaj konprann klèman liy de mach, kondisyon ak rezilta jeneral iltim mouvman pwoletaryen an.” (Manifès Kominis – Marx/Engels)

 

Se sèl bagay ki pral pèmèt nou trase yon CHIMEN NOUVOpou nou rive a Chanjman Radikal peyi d Ayiti bezwen an. SITIYASYON AKTYÈL LA VREMAN DEPASE TOUT AKTÈ POLITIK (POLITISYEN DE TOUT AKABI) KI SOU TEREN AN AKTYÈLMAN. Klas dominan reyaksyonè yo, politisyen abolotcho yo, ak peyi kolon enperyalis yo pa gen okenn solisyon ki kapab ale nan enterè fondamantal mas popilè yo. Apre plis ke 200 lane, yo pwouve pa tou lèmwayen yo pa kapab. YO PA GEN NI ENTANSYON, NI VOLONTE, NI KAPASITE WETE MAS POPILÈ YO NAN KRAS YO METE NOU AN.

 

Si tout moun oubyen majorite moun ki rive pran konesans de refleksyon sila yo aplike sa ki parèt yo nan lavi yo, pran lide sila yo kòm oryantasyon nou, m garanti nou “GEN LESPWA”pou peyi d Ayiti ak Pèp Ayisyen an. Otreman, vreman, nou bay lavi a do!

 

Lyen pi ba yo ap ba nou eleman politiko-teyorik pou nou koumanse reflechi sou reyalite aktyèl nap viv la. PRAN PASYANS! PRAN TAN NOU, LI, LI, E RELI!!!! KENBE FÈM, PA MOLI!!!!

 

https://www.ucc.ie/archive/hdsp/Literature_collection/Manifest_French.pdf

 

https://www.marxists.org/francais/lenin/works/1902/02/19020200.htm

 

http://radicatheque.over-blog.com/ebook-que-faire-vladimir-illich-oulianov-dit-lénine

 

http://www.revolution-socialiste.info/CB20.pdf

 

https://maozedong.fr/ebooks/mao-zedong-contradiction.pdf

 

http://classiques.chez-alice.fr/start/mao00.html

 

http://classiques.chez-alice.fr/mao/delapratique.html


***************************************

GRENADYE ALASO!

 

Zansèt nou yo te goumen ak bravou e ewoyism pou te racheENDEPANDANS PEYI D AYITI TOMA. Konsa, Pèp Ayisyen se eritye 27,750 kilomèt kare PEYI SA A KOLEKTIVMAN. PÈP AYISYEN SOUVREN NAN PEYI SOUVREN!

 

Nou pa bezwen, e an menm tan, nou rejte boujwa, grandon, politisyen abolotcho ensousyan, reyaksyonè, malpwòp, souflantyou, vwayou ak trèt a la nasyon anba dikta peyi kolon enperyalis yo ki konprann yo kapab fè sa yo pito nan peyi a tankou se yon savann. SE YON BANN VÒLÒ, ENKONPETAN, MALANDREN, BANDI, KRIMINÈL AK ASASEN

 

Li lè, li tan pou nou dechouke “zannimo” sovaj sa yo, rache manyòk yo, derasinen yo, mache sou yo, voye yo al remize nan bwat fatra listwa a tou jamè!!!!! 

 

Nou menm Pèp Ayisyen ap montre kouman NAP KONSTWI PEYI NOU TOUTBON LÈ NOU PRAN DESTEN NOU NAN PWÒP MEN NOU. NOU SE ATIZAN PWÒP EMANSIPASYON NOU! ANN AVAN! GRENADYE ALASO! VIKTWA SE POU PÈP KAP BATAY JISKA EMANSIPASYON TOTAL NOU!!!!!

 

****************************************

 

KONPLISITE DIRIJAN VYETNAM YO NAN MASAK PÈP AYISYEN AN

 

Se tris, ekstrèmeman tris! Pèp Vyetnamyen an te mennen yon batay, yon konba si ewoyik kont 2 gwo puisans enperyalis nan 20èm syèk la, an lokirans, enperyalis meriken ak enperyalis franse. 

 

Epi jounen jodi a, dirijan Vyetnamyen yo ap patisipe nan opresyon, represyon ak kanpay masak deta kont Pèp Ayisyen an nan founi bandi gwo zam fannfwa ak pil ak pakèt minisyon. SE LA RAJ SA!

 

Fòk nou jwenn yon fason pou fè Pèp Vyenamyen an konnen kouman èske reprezantan gouvènmantal Vyetnamyen yo ap soutni vakabon, bandi, vòlò, kriminèl, asasen ak vwayou kont Dwa Demokratik Pèp Ayisyen an nan peyi d Ayiti. 

 

https://fr.wikipedia.org/wiki/Võ_Nguyên_Giáp

 

***************************************

REPRESYON, LATERÈ AK ENSEKIRITE DETA

 

Wòl represyon, laterè ak ensekirite deta gang kriminèl yo ap jwe jounen jodi a se menm wòl sila tonton makout yo te konn jwe sou Divalye. Se menm wòl la lame d AYITI, atache yo, zenglendou yo, brasa wouj yo, fraph tap jwe kont Pèp la nan lane 1986, 1987,1988, 1989, 1990 yo, pandan diferan gouvènman militè yo e patikilyèman nan lane koudeta yo, epi pwoliferasyon gang ame yo sou 2èm gouvènman Lavalas la, gouvènman Latòti a, sila Preval la anba MINUSTAH epi depi 2011. Se te toujou nan enterè klas dominan reyaksyonè yo, politisyen abolotcho yo anba dikta peyi kolon enperyalis yo tout krim sila yo tap fèt kont Pèp Ayisyen an. 

 

Eben, jounen jodi a, se menm loumpenn/bandi/gang ame kriminèl yo kap jwe wòl sal sa a pou boujwazi a, grandon yo, politisyen abolotcho yo, gouvènman an ak anbasad enperyalis yo. 

 

Represyon, Laterè ak Ensekirite deta a nan enterè fondamantal klas dominan reyaksyonè yo, politisyen abolotcho yo ak peyi kolon enperyalis yo. Yo espere se sa ki pral kreye lapè simityè nan peyi a pou yo kapab layite kò yo jan yo pito.

 

Nou menm Pèp Ayisyen an dwe monte pwòp rezistans otonòm kont vyolans reyaksyonè yo apati òganizasyon otonòm nou yo sou direksyon/lidèchip pwoletarya a.

 

https://www.youtube.com/watch?v=va1sJlbwdm8

 

https://groups.google.com/forum/#!msg/tout-haiti/dw4fWlWtb3I/CeS9IaxSk6QJ

 

*************************************
Chanson de 27

 

https://youtu.be/v2GDgvpiiKM

 

27 woklò Nan video sa Al pran Rapò petwo karaibe a Nan koudèkont an Al gade Jan misye kase met Nan men nèg yo pa tan yo diw 2 je'w pral bow an Al gade avè m

**************************************

 

GAYE NOUVÈL LA TOUPATOU!!!!!!

 

-- 
You received this message because you are subscribed to the Google Groups "KAWONABO1500" group.
To unsubscribe from this group and stop receiving emails from it, send an email to Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser..
To view this discussion on the web visit https://groups.google.com/d/msgid/kawonabo1500/CABD0ZrvPc6shA-%3Dt1DTMZ3XF7oUS95cNFJev4pJ5sRzpSowcYQ%40mail.gmail.com.