Batay pèp ayisien an kont aloufa étranje yo osi byen kont aloufa nan peyi a se yon chemen sakrifye ki pa gen fen. Bon dirijan batay sa yo pa janm bese bra yo ni fè jenou tè. Jak Woumen, Jak Aleksi, Janjak Desalenn Anbwaz, gen tan dot ankò, youn swiv lòt yon pran flanbo sa ki tombe avan an e pi kontinye batay liberasyon an.. Tankou kanmarad Stalin te di li : » yon lit ki kòmanse, kap devlope pa fouti sispann»