ENTWODIKSYON
Pou tout bagay ka mache byen andedan Pati a , li enpotan pou Pati a tabli yon regleman byen detaye . Sa kapab pèmèt aksyon tout manm Pati a ale nan menm sans .
Lè nou wè sa kap pase jounen jodiya , nan jan opotinis fenn anraje, gen ijans pou nou mete sou piye yon reglematasyon minimal pou nou pran kom gid Pati a. Lè nou wè entèyou ke yon ban nèg ki di ke yo de goch ap bay nan jounal, li enpotan pou nou rantre nan deba. Men pou nou rantre ladan li, fok Pati a mete baz li an od. Nan sans sa, nap mete yon regleman kap pran de aspè fondamantal/
- Prensip fondamantal revolisyonè maksis leninis lan ak Panse revolisyonè MAO yo :
- Pwòp reyalite nou kòm Pati ak reyalite konkrèt lit la andedan peyi a.
Pou reponn ak kokenn ijans sa a nou gen kek gran prensip debaz k ap sèvi nou gid annatandan Pati an bay tèt li yon bon jan estadi anrèg . Ansanm ak baz òganik minimal la , prensip debaz sa yo ap sèvi gid pou mach pratik ak fonksyònman kotidyen Pati an. Tout mililitan Pati an kit ansyen, kit nouvo dwe byen konnen regleman sila pou kapab aplike l yon fason konsyan .
Pou kapab konprann enpòtans travay sa nou envite w li sa Lenin di nan QUE FAIRE :
« L’unité dans les questions de programme et de tactique est la condition nécessaire mais insuffisante, de l’unification du Parti et de la centralisation dans son travail. Pour obtenir ce dernier résultat , il faut encore l’unité d’organisation , inconcevable dans un parti dépassant , tant soit peu , le cadre restreint d’un cercle sans des statuts valides sans soumission de la minorité à la majorité de la partie au tout « PP290-291
« Aux gens accoutumés à l’ample robe de chambre et aux pantoufles de molle et familiale existence « des cercles « des statuts formels paraissent étriqués , génants accablants bureaucratiques asservissants et étouffants pour le libre «< processus >> de la lutte idéologique . L’anarchisme de grand seigneur ne comprend pas que les statuts formels sont nécessaires. La liaison dans le parti ne peut reposer ni sur la camaraderie, ni sur une <<confiance>> incontrôlée non motivée, mais sur des statuts formels rédigés indiscipliné . Seule la stricte observance de statuts formels nous prémunit contre le bon plaisir et les caprices des cercles , contre leurs disputailleries qu’ils appellent << Libre processus >> de la lutte idéologique « pp299-300
« La discipline et l’organisation que l’intellectuel bourgeois a tant de peine à acquérir est assimilé aisément par le prolétariat …..L’organisation du Parti lui semble une monstrueuse fabrique. La soumission de la partie au tout, et de la minorité à la majorité lui apparait comme un asservissement ; la division du travail sous la direction d’un organisme central lui fait pousser des clameurs tragicomiques … Le seul rappel des statuts et de la discipline provoque chez lui une grimace de mépris et la remarque dédaigneuse que l’on pourrait se passer entièrement de statuts » PP297-298
1- REAFIMASYON DETERMINASYON NOU NAN LIT REVOLUSYONE A
Nan tout katchoumbe k ap boulvese lit pèp yo sou sen politik entenasyonal , rejyonal ak nasyonal la kote kapitalis ak enperyalis la malgre kontradiksyon ak feblès enten yo ,ap make gwo pwen,nou gen fèm konviksyon nan tewori revolisyonè maksis-leninis lan, ak panse revolisyone Mao Stétoung lan . Pou sa se sèl yon teyori panse revolisyonè konsekan ki bay prèv li nan listwa epi ki kapab kontinye sevi bousol pou gide revolusyion mondial la ak revolusyion sosialist chak pèp an patikiliye pou mennen yo nan vikwta final la .
Pati a reyafime konviksyon politik li nan prensip sosyalis syantifik yo kòm baz estratejik, politik , ideyolojik e ekonomik pou konstwi nouvo sosyete tout klas ak sekte oprime esplwate nan tout peyi bezwem pou soti anba sistèm kapitalis enperyalis la, pour sosyalis la rete sèl altenativ sèl solisyon historik anfas sistem dominasyon mondyal la : sistem kapitalis ak enperyalis la.
Nou kwè, etap revolisyon demokratik popilè a dwe menne anba kontwol ak direksyon politik avangad Pati a polemik las travayè yo ak mas popilè yo . Sa mande mete kanpe yon FOS REPONDONG KOREK DISIPLINE KAP pèmet mas yo kontrekare vyolans klas ak sekte dominan reyaksyone yo.
Nou reyafime pozisyon prensip li sou kesyon entenasyonalis pwoletaryen an. Sa vle di prensip pote kole ak tout klas sektè kap sibi anba dominasyon ak esplwatasyon kapital enperiyalis la nan tout peyi sou latè solidarite entènasyonal,rejyonal ak kontinantal la, se yon nesesite istorik pou devlopman lit pèp yo pou yo ka rive nan konstriksyon sosyete sosyalis la ak sosyete kominis lan sou tout fas tè a.
Nan etap lit la rive jounen jodia , kesyon PRAN POUWA a , mwayen pou rive pran l tout bon kenbe l epi dirije l nan sans pou rive nan konstriksyon yon sosyete sosyalis se pi gwo priyorite Pati an. Kesyon sa a dwe toujou rete prensipal preyokipasyon pou tout mil.
San prensip ak disiplin pa ka gen revolisyon. Se nan sans sa a nou ka di, disiplin lan se yonn nan eleman esansyèl nan batay la. Dirije lit revolisyonè kont klas esplwatè yo ak entitisyon k ap defann yo , sa mande anpil ekzijans ak yon disiplin grenn kraze. Menm nan bat kok gen regleman. Yon Pati blije defini prensip ak regleman pou tout militan yo. Si se pa sa , se yon veritab gògmagòg kote se pèp la k ap kontiniye viktim anba enkonsekans ak enkoyerans nou . Se sou baz sa a Pati a ap bay tèt li yon regleman minimal anatandan nou rive nan yon règleman komplè e « definitif »
II GRAN PRENSIP YO
SANTRALIS DEMOKRATIK
<<Lide Santralis demokratik la ki se premye prensip kle a , dwe chita andedan tout estati òganizasyon maksis yo ….Santralis demokratik la tabli prensip debaz pou rezoud yon bann pwoblèm ki gen rapò ak keksyon òganizasyon yo yon fason espesifik ak lòt kalite pwoblèm>>
Lénine, un pas en avant , deux pas en arrière
Lenine toujou defann règ ki gide disiplin nan Pati a :
Endividi a soumèt devan òganizasyon an
Minorite a soumèt devan majorite a
Ogan enferyè yo soumèt devan ògan siperyè yo
Pati a annantye soumèt devan komite santral la
Disiplin Pati a obligawa pou tout moun san manke yonn soti nan militan baz pou rive nan dirijan.
Minorite a kapab konsève lide li , men li dwe ekzekite ,nan larèg dwatèt , tout desizyon majorite a pran.
Konsepsyon sa a depaman ak konsepsyon anachis yo oswa konsepsyon twoski ki tè kwè endividi a dwe itilize tout fòm posib , (menm sabotaj lè sa nesesè)pou tè sant yo (enstans siperyè yo ) respkte epi asepte pwenn vi li . Nan lane 1903 mennchevik yo ak Twoski te an minorite nan kongrè a . Men yo te refize koube anba desizyon majorite a . Se nan sans sa a Twoski ekri nan « De la Revolution « p 155 lè yon tandans serye gen 2 wout devan li :swa bandonnen pozisyon li pa disiplin , swa voye tout disiplin jete pou konsève epi kontinye egziste , èske li difisil reyelman pou yon moun konprann tandans lan ap toujou chwazi dezyèm wout la >> Se parapòta a pziyon sa a , Lenin ekri nan tòm p 373 << Nan lojik endividyalis ti klik entèlektyèl ki plase tèt yo an lè tèt disiplin demas la , tout òganizasyon ak disiplin pwoletaryen sanble ak esklavaj >>LENIN TOM 1 P 252
Li nesesè pou nou reyafime pou tout moun règ ak disiplin Pati a :
1. Soumisyon endividi a anfas òganizasyon an
2. Soumisyon minorite a anfas majorite a.
3. Soumisyon enstans enferyè (sak anba l la) anfas enstans siperyè yo (sak anwol la).
4. Soumisyon Pati a globalman anfas komite santral la.
Kèkelanswa moun ki vyole règ sa yo ap minen inite andedan pati a .
Mao Tsé Toung : Tòm 2 ; p 22(œuvres Ch )
Sou keksyon Santralis demokratik la nou defini :
Kòm Pati ML REKONET PRENSIP SANTRALIS DEMOKRATIK YO KòM BAZ FONDALNATAL KAP GIDE FONKSYONNAN LI SOU BAZ SA A
1 .Nan gwo batay ke nap menen kont aparey leta boujwa grandon an pou rive tabli sosyete sosyalis la Pati a rekonet nesesite epi chwazi yon direksyon santralize li bay otorite pou dirije l nan kad yon disiplin fèm san pas pouki, tout militan blije asepte epi obsève .
2 . Direksyon santral Pati an ap aplike liy demas la nan rapo l ak baz Pati a. An anpatikilye ak mas popilè yo an jeneral. Se sèl kondisyon k ap pèmèt li rive santralize lide kòrèk yo pou fè yo tounen direktiv ak modod klè, obligatwa pou tout Pati an.
3. Pou konbat demokrasi penyen lage tout fòm endisiplin nan Pati an , pou evite an menn tan tout pratik otoritaris nan egzèsis prensip santralizasyon yo , Pati an ap aplike ak anpil fèmte prensip lavi demokratik la anba kontwol yon direksyon santralize Sa vle di :
Lide pèsonèl ak lide kelkanswa ti gwoup pa gen dwa pase anle tèt osnon desiyon majorite oganizasyon an ak enstans direksyon Pati an . Menm jan tout entere pèsonèl yo ak entèrè kelkanswa ti gwoup pa kapab pase anvan enterè Pati an.
Enstans dirijan Pati an dwe defini liy gid kle e korèk pou oryante aksyon tout Pati an. Liy gid sa a dwe chita sou sistematizasyon lide ki soti nan baz Pati an ak nan mitan mas yo. Li dwe koresponn tou ak reyalite konkrèt peyi a .
An menm tan , enstans dirijan yo dwe rezoud atan pwoblèmm ki parèt nan Pati an pou pa kite yo tounen java .
Depi gen posiblite pou sa, desizyon enpotan yo, yo dwe pran sou baz bon jan diskisyon ak deba nan kad Pati an , oswa enstans ki konsènen nan keksyon presi a.
Depi yon desizyon pran nan enstans direksyon Pati an li dwe aplike ak fèmte san grate tèt. Dwe gen mekanis pou bon jan evalyasyon kritik ak otokritik apre egzekisyon desizyon , oswa plan ki defini yo .
Enstans enterye yo ak tout baz Pati an dwe diskite andetay tout direktiv modod analiz ak piblikasyon enstans siperyè yo voye , yon fason pou kapab konprann sans yo epi chache ki pi bon metod pou rive ekzekite yo ak efikasite.
II.2 KRITIK ANDEDAN PATI AN
Yon kominis dwe toujou defann pwenn vi ak lide politik li . Li konnen mezi ki pran andedan Pati a, elabore apati sentèz pozisyon manm yo . Nan etidye liy ak mezi ki pran nan Pati a , chak kominis leve nivo konsyans de klas li . Lide pèsonèl yo pa dwe plase anlè tèt lide ki sòti nan Pati a anjeneral jan Twoski toujou ap defann li. LENIN…..
Kritik andedan Pati a , se yon zam ki sèvi pou ranfòse òganizasyon Pati a , epi leve kapasite lit li. Men, nan anpil ka kritik la pran fòm atak pèsonèl . Lè sa a , se pa endividi yo atake a sèlman sa deranje. Sa deranje tout òganizasyon Pati a . Fòm kritik sa a , se manifestasyon yon endividyalis ti boujwa….. li enpòtan pou fè manm Pati a konprann veritab sans ak objektif kritik la : se ogmante kapasite lit Pati a pou kapab rive mennen mas yo nan laviktwa. Nan okenn ka yon kritik pa dwe sèvi pou pote atak pèsonèl kont yon kanmarad.
Anpil manm Pati a pa fè kritik ke yo gen pou fè andedan Pati a. Yo pito fè l deyò. Yonn nan kòz ajisman sa a , se dèske manm sa yo pa konprann enpòtans òganizasyon ak reyinyon andedan Pati a . Pou yo menm , pa gen pyès diferans lè yon kritik fèt andedan Pati a ak lè li fèt deyò. Yon bon jan edikasyon dwe fèt pou pèmèt manm sa yo konprann se nan reyinyon enstans yo ye ak nan kad enstans ki plase pou sa kritik yo dwe fèt : Nan lòt ka, kamarad yo kapab fè kamarad ki anfòt la kritik la dirèkteman depi sa posib. MAO TSE TUNG
Sous keksyon kritik andedan Pati an nou defini :
1 Tout militan gen dwa fòmile kritik yo lib e kont tout lide osnon aksyon k ap develope andedan Pati an yo kwè ki pa korèk. Yo gen dwa kritike tout enstans dirijan, swa dirijan yo kwè ki pa sou pozisyon kòrèk, oswa k ap develope move pratik .
2 Tout kritik sou yon militan ,oswa yon enstans Pati an dwe fèt nan enstans ki la pou sa nan Pati an : selil, nwayo , komite ,enstans dirijan eltatrye . Lè sa posib kritik la ka adrese pou militan an dirèk dirèk
3 Kritik andedan Pati an gen yon objektif politik klèman defini :
- Ogmante kapasite lit militan yo ak Pati an globalman pou kapab rive menen mas yo nan laviktwa.
- Lè denonse epi konbat , lide ak pratik boujwa ak ti boujwa yo, pou fè lide ak pratik revolisyone yo triyonfe andedan Pati an ak nan sosyetè a an jeneral.
4 Lè yon militan ap devlope move pratik nan kad aktivite de mas, lot militan kap fonksyonen ansanm ak li dwe kritike l kòrèkteman nan menm kad sa a l è sa nesesè . Nan ka militan an pa korije pratik li, bon jan rapo dwe fèt sou pratik li bay enstans ki sou tèt li.
5 Menm si kritik yo toujou enplike moun , yo pa dwe vize pou detwi moun nan li menm. Nan sans sa a , siyifikasyon politik ak ideolojik chak kritik dwe parèt klè sa mande pou kritik yo fòmile sou baz bon jan agiman ki verifye oswa ki ka verifye . Se sèl jan pou kritik yo sevi nan sans objektif ki defini nan pwen 3 a
6 Tout dispozisyon ap pran pou fini ak pratik fè zen mache a. Nan sans sa a , yon militan ki pa itilize kannal nòmal pou fòmile yon kritik ap tonbe anba sanksyon. Sou tout sa ki di sou pwen sa a , nou fè diferans ant yon kritik ( ki dwe toujou chita sou baz bon jan done ) ak yon sipozisyon oswa enpresyon.
III ESTRIKTI
Pou lite kont aparèy leta santralize boujwazi a , pwoletarya a dwe kanpe yon Pati revolisyone santralize ki gen tach pou mobilize epi dirije klas ouvriye a na n globalite li . Sèl yon direksyon fò , santralize , ki gen yon kokenn otorite revolisyonè ap kapab dirije pwoletarya a nan yon lit de klas difisil epi konplike.
LENIN : QUE FAIRE ? ( tire nan istwa Pati kominis Larisi )
Yonn nan baz disiplin pati a , sè soumisyon minorite a devan pozisyon majorite a . Lè pozisyon minorite a repouse , li dwe adopte epi aplike desizyon majorite a pran an . An ka nesesite keksyon an kapab rebrase , men okenn aksyon ki ale kont desizyon majorite a pa kapab rebrase , men okenn aksyon ki ale kont desizyon majorite a pa admisib
Mao Tse Toung :
Sou keksyon estrikti Pati an nou defini :
1 Kòm Pati maksis leninis li dwe gen yon estrikti oganik ki pran fòm yon esklaye ki gen 3 mach : pran depi anba rive anwo : selil yo ak lot enstans debaz yo , direksyon entenmedye ak direksyon santral la. Twa mach sa yo se prensipal enstans direksyon egzekitif Pati an nan espas kongrè yo.
2 Pou jounen jodi a , li bay yon estrikti òganik ki koresponn ak reyalite konkrè li . Estrikti sa a detaye nan dokiman ki rele : POU BAZ OGANIK MINIMAL.
3 Sou baz dokiman sa a , Pati an genyen epi rekonet yon sèl direksyon kap fonksyone nan yon ale vini pèmanan ak baz la . Pa anba , nan baz la , li soti nan selil, nwayo,…pase pa « mil lyeszon » pou rive nan direksyon santral la . Pa anwo , li soti nan direksyon santral la pase pa « lyezon » pou rive nan sel, nwayo elt …..
4 Nan tout 2 sans yo , chemen sa a rete sèl chimen ofisyel regilye tout mil dwe swiv pou fè lide yo ak rapò yo sikile andedan Pati an . Okenn enstans direksyon pa otorize bay swit a yon mesaj ki pa swiv vwa regilye Pati an mete pou sa , anwetan nan ka eksepsyonel ki prevwa nan règleman sa yo.
5 Nan zafè ki gade keksyon sekrite Pati an ak militan yo , direksyon an ka kreye epi develope rezo , rapò ak mekanis espesyal pou touche militan nan baz la ki enplike direkteman nan kesyon an .
6 Militan yo otorize sèvi ak lòt sikwi pou fè lide ak kominikasyon yo sikile sèlman nan ka kote gen blokaj sèten e reyèl nan vwa ofisyèl regilye a ki fè mesaj yo pa ka rive nan enstans kote yo dwe rive a .
7 Direksyon santral la gen dwa kreye nan nenpòt moman ekip espesyal pou reyalize yon tach , espesifik . Menm jan tou li gen dwa revoke ekip espesyal la nenpòt moman depi li fin akonpli tach la oswa depi li jije egzistans li pa nesesè ankò.
8 Pyès militan oswa gwoup militan pa ka egzije ak ki militan pou li ( yo) fonksyone swa nan enstans entèn Pati an, swa nan kad aktivite Pati an ap develope , Tout militan ki gen pwoblèm ak yon lòt dwe ekspoze sa kle devan enstans ki plase pou sa ( sèlil, nwayo , direksyon ) pou kesyon an tranche , Nan okenn ka , desizyon pou fonksyone oswa pa fonksyone ak kanmarad, pa rete nan men pyès militan.
IV GESYON MIL YO
* Malgre kèk aspè pozitf ki note parapo pwojè yo , tout militan revolisyone konsekan nan peyi a rekonet keksyon pwojè a reprezante yon zo pwason nan goj mouvman revolissyone ayisyen an . Nan kad denye bilan an, majorite Pati an rekonèt pwojè yo trennen yon bann pratik politik ki pa kadre ak lit revolisyone pou liberasyon mas travaye ak popile nan peyi a .
* Yonn nan gwo konsekans keksyon pwoje a trennen dèyè l , se depandans Pati a. Revolisyonè ak òganizasyon mas yo parapo kèk òganis finansman ak sèten eleman anpil fwa refòmis opotini s kap mennen pwoje sila yo. Yon lòt bò, keksyon pwojè a reprezante yon veritab antrav pou jesyon militan revolisyone òganize yo. Nan anpil ka , pwojè yo plis sèvi kouvèti pou kèk eleman regle zafè pèsonel yo olye yo sevi lit pèp la vre.
*Jounen jodi a gen yon bagay kle pou tout mil revolisyone konsyan andedan peyi a .
a) Yon mouvman revolisyone seye pa kapab mare nan pye tab òganis finansman etranje oswa ONG peyi.
b) Otonomi mouvman revolisyone a sè yonn nan kondisyon fondamatal natal pou vansman ak viktwa revolisyon popilè a .
Sou baz konsta sa a , pandan n ap goumen pou retire kò nou nèt anba pwojè yo , nou pwoklame mezi sa yo pou jesyon militan Pati an nan kad pwojè yo :
1 jesyon politik militan yo ak definisyon tach politik yo rete aktivite ki regade Pati an sèlman nan kad estrikti ak enstans ofisyèl ki plase pou sa .
2 Enstans direksyon Pati an gen dwa egzije militan kap rete pwoje yo pou ba li tout enfòmasyon ak dokiman li jije neseè nan nenpòt fazegzekisyon pwojè sou fonksyonman li ak oryantasyon li . Nan sans sa a , tout militan ki altèt pwojè oswa k ap fonksyonen nan yon pwojèt , sipoze rete ouvè pou bay direksyon Pati ann tout enfomasyon li ta mande konsènan fonksyonman pwoje sa a .
3 Si Pati an pa tire okenn avantaj nan yon pwojè osnon yon enstitisyon kote militan li ap fonksyone enstans direksyon Pati an gen dwa mande militan sa yo pou bay demisyon epi ba yo lòt tach politik ki kadre ak bezwen Pati an ak lit pèp la .
4 Annatandan nou soti nèt anba pwojè , tout pwojè dwe bay Pati an apwi ekonomik regilye san grate tèt swivan modalite ki fikse nan Pati an . Modalite pou jistifiye lajan ki soti yo ap diskite nan chak ka ant enstans direksyon yo ak militan k ap jere pwojè yo.
5 Okenn militan nan yon pwojè (kit responsab , kit senp anplwaye) pa gen dwa tcheke lòt militan Pati an dirèkteman pou al travay na pwojè oswa enstitisyon . Tout posibilite travay nan kad sa yo dwe kominike bay enstans direksyon Pati an atravè kannal kote mil k ap transmèt kominikasyon an ap milite. Apati moman sa a , direksyon an annako ak lot enstans sa konsène kritè ,kapab deside ki militan ki reponn ak kondisyon travay la, selon kritè ki egzije.
6 Pyès militan Pati an pa gen dwa ekri nouvo pwojè ni develope dòt pwogram anndan yon pwojè . Si sa ta reyèlman endispansab , se enstans direkyon oswa ki plase pou sa ansanm ak kanmarad ki konsenen an ( yo ) k ap detèminen sa nan tout nivo.
IV 2 JESYON MILITAN AK TACH.
Lenin pa janm sispann defann prensip divizyon tach andedan Pati a . Se nan sans sa a li ekri : <<Yon kominis dwe toujou devwe pou kòz Pati a ak klas ouvriye a . Li dwe mete pwòp aktivite pa li apre aktivite Pati ouvriye a . Li dwe mete pwòp aktivite pa li aprè aktivite Pati a anjeneral, epi toujou fè sa li konnen pou egzekite tach ki tonbe sou do li pi byen posib. >>Lenin
Sou kesyon tach nan Pati an nou defini :
1 Tach global Pati an ap defini atravè enstans direksyon santral la ak lòt enstans dirijan yo . Yon fwa kongrè a fen defini gran liy daksyon yo , direksyon santral la dwe defini tach global Pati an nan chak moman.
2 Tach sa yo ki plase nan kad yon politik oswa yon plan global ap distribye atrave tout Pati an pa mwayen diferan kannal ak mekanis ki la pou sa, oswa mòdòd espesyal.
3 Apati oryantasyon global ki defini tout enstans , depi anba rive anwo dwe gen yon repatisyon tach kòrek andedan yo. Tach sa yo ka modifiye selon nesesite chak moman.
4 Gen 2 kalite tach : tach pèmanan ak tach espesifik kadre ak chak moman presi .
5 Yon fwa tach yo defini enstans ki responsab pou egzekite yo dwe pran mwayen pou fè sa ak plis efikasite posib. Nan sans sa a mil yo dwe toujou fè sa ak plis efikasite posib . Nan sans sa a militanl yo dwe toujou ap chache develope sans inisyativ ak kreyativite politik yo . Se sèl jan pou Pati an tounen yon kò vivan k ap mache nan yon menm direksyon.
6 Pou okenn rezon , yon militan pa gen dwa refize kèlkanswa tach la, Pati an konfye l Si yon mil santi li pa ka pote tach ki tonbe sou do li , swa akòz mank kapasite , swa pou lòt rezon valab , li dwe mete enstans ki konfye l tach la okouran rapid rapid pou eklesisman . Men , nan okenn ka , desizyon pou revoke yon tach pa rete nan men yon militan.
7 Tach yo dwe evalye peryod ikman epi sistematikman se yon fason pou nou kapab dekouvri erè ak mankman yo rapid epi pran mwayen pou korije yo atan.Poutèt sa , dwe gen rapo peryodik sou tach militan yo ap akonpli. Sa valab kit pou tach kolektif , kit pou tach endividiyèl.
IV JESYON MILITAN AK DEPLASMAN
ANJENERAL GEN 3 REZON PRENSIPAL KI ALABAZ MILITAN YO :
- Pesònel
- Nan kad travay pwofesyonel .
- Politik
1-Pou kèlke swa rezon l ap fèt la tout deplasman, dwe fèt ak konsantman Pati an nan sa ki regadel direl , moman , eltatrye . Nan kèlke swa ka a, desizyon final pou yon deplasman , toujou rete nan men enstans k ap dirije Pati an.
1 . a Nan ka yon mil ,ki nan yon travay ki kapab blije l deplase san zatann ou tanzantan , sa dwe kle davans ak direksyon Pati an ak enstans debaz kote moun lan ap fonksyone .Sou baz sa , bon jan modalite ap atabli ant direksyon Pati an ak mil ki nan sitiyasyon an
2 Tout deplasman pèsonel ki ka gen karaktè politik tankou deplasman nan peyi lit revolisyone a ap bouyi oswa kote gen yon gouvènman revolisyone enstale , dwe fèt annako ak enstans direksyon oganiz asyon an .
3 Tout deplasman pou fomasyon pwofesyonèl dwe fèt annako ak enstans, direksyon Pati an kèèlkeswa longè tan lap dire a.Poutèt saanvan yon militan tanmen demach swa pou chache bous etid oswa pou al etidye sou pwop frè l, sa dwe diskite nan entans direksyon Pati an nan tout detay pa kannal reprezantan enstans kote militan an ap fonksyone
An fonksyon evalyasyon ki fèt ant direksyon an, enstans kote militan ap fonksyone ak pwop militan li menm, direksyon an kapab swa :
Apwouve demach la
Mande militan an cwazi yon lot branch ki plis kadre ak nesesite lit la ak Pati an, nan moman an depi sa posib
Mande militan kanpe demach la swa pou yon bout tan,swa definitvman.
4- Oganizasyon an kapab pwofite deplasman nenpot militan pou kontiye yon tach, oswa misyon espesyal.
5- Depi yon militan gen aptitid pou sa, direksyon Pati an kapab voye l al pran fomasyon nan kèlke swa domen epi kèlke swa kote a. Tout militan dwe toujou pare pou kalite misyon sa a.
Nan nenpot moman, Pati an kapba konfye nenpot militan yon misyon espesyal ki mande l deplase pou yon tan kout, oswa long,swa andedan, swa deyo peyi a. Le sa nesese, Pati an dwe garanti bezwen elemantè militan an ak fanmi li pandans absans lan.
Yon militan ka blije kite peyi a pou koz maladi grav. Se nan sèl ka Pati a rekonèt dwa militan an deplase kite peyti a brid sou kou. Men militan an dwe fè tout sa ki nesese pou mete Pati an okouran san pèdi tan.
JESYON MILITAN AK MIGRASYON POU KOZ POLITIK(kite peyi a ak zon travay )
1-Pyès militan pa gendwa pran anbasad oswa mande azil politik san otorizasyon enstans dirijan Pati a. Tout militan ki pran yon desizyon konsa vyole prensip revolisyonè ak disiplin Pati a. Lap jwenn sanksyon sa merite
2-Lè yon militan nan yon sitiyasyon enserikite grav, Pati gen devwa pou kouvri l pandan tout tan sa dire. Men, lè sitiyasyon an prezante, premye devwa militan ak kanmarad la, ki bo kote l se chache kouvri tèt li annantandan yo mete Pati an okouran. Se direksyon Pati an annoko ak enstans kote militan an ap fonksyone k ap deside si li blije kite êyi a oswa zon aktivite l.
3-Le enstans direksyon an pran dezisyon fè yon militan kite peyi a oswa zon aktivite l andedan peyi a pou koz ensekirite, se sèlman ak ako direksyon an ke militan kapab tounen. Sa dwe toujou fèt sou baz yon evalyasyon korek.
IV -5- JJESYON MILITAN AK AFEKTASYON NAN POS( DJOB,TRAVAY)
- Pou komanse, se yon devwa revolisyonè pou tout militan Pati an, chache travay pou oèmèt yo asire bezwen fondamantal yo ak fanmi yo, depi yo pa gen estati militan pwofesyonèl kote bezwen fondamantal yo asire atrave bidjè Pati an.
- Anvan yon militan pran yon travay, sa dwe diskite klè epi nan detay ak enstans kote l ap milite.Apre analiz ansanm ak militan an enstans lan ap bay dizon li.
- Nan ka yon pos politik, sa dwe diskite andetay ak enstans direksyon Pati an pa lentèmedyè reprezantan enstans kote militan ap fonksyone. Nan ka sa a, denye desizyon an rete nan men enstans direksyon an.
4. Nan ka yon mil ki vle transfere têt li nan yon travay oswa yon pos soti nan yon zon andedan peyi a al nan yon lot, sa dwe diskite ak enstans kotel l ap milite ak enstans kote l ap transfer e a. Menm lè desizyon an ap pran nan kad travay kanmarad la, sa dwe diskite pou we avantaj, enkonvenyan ak sa ki dwe fè t .
5. Nan Ka yon miitanl ta vle louvri oswa posede yon biznin prive, SA dwe diskite andetay ak enstans kote mil an ap fonksyone. Si se yon qwo biznis, sa dwe diskite andetay ak enstans direksyon an pa lentemedyè moun ki reprezante enstans kote militan an ap fonksyone. Se yon fason pou Pati a. an gen kontwol sou aktivite finansye militan yo epi wè sa kap rantre kom kotizasyon.
6. Dispozizyon sa yo pa pran pou antrave okenn mil nan devwa J i qen pou jwenn travay ki pèmèt li reponn ak bezwen « nomal » fanmi li . Se sitou pou jere militan Pati an nan yon sans pou yo pi efikas nan lit la nan yon rapô dyalektik ak Pati an.
VI. JESTYON MILITAN AK PATISIPASYON NAN MOUVMAN OSWA ASOSYASYON
Denpi yon militan ap antre nan yon MOUVMAN ki pa MOUVMANM Pati an ap devlope, oswa si vle mete yonn kanpe oswa antre nan yon asosyasyon, fok li diskite sa andetay ak enstans kote l ap milite, Si pwoje kanpe yon Mouvman gen yon karaktè ki depase zon aktivite militan an ak enstans l ap fonksyone a, sa dwe diskite ak enstans direksyon an. Nan kèlkeswa ka a, milItan an ap bay tout entomasyon sou mak fabrik oqanizasyon sa a, kalte moun ki landan I, estati ak règleman enten, pwojè ki qenyen, elatryet. Dènye desizyon an rete nan men enstans lan oswa direksyon an nan ka ki konsenen yo chak.
1V. JESYON MILITAN AK RAPO ANT MILITAN AK ANSYEN MILITAN
- Kelkilanswa bon rapo politik yon militan Pati an te qen ak yon ansyen militan, li pa gen dwa bay ansyen militan sa a ni fè l li okenn dokiman enten Pati a . Li pa gen dwa mete l okouran enfomaasyon ak desizyon ki paret nan dokiman sa yo, oswa ki pran nan kad enten Pati an. Konsta yon zak konsa egal yon trayizon qrav ki eqaJ e.k pil s yon o t o ma t i k militan ki koupab la.
2. Okenn militan pa qen dwa ankouraje moun Pati an mete deyô pou konpotman anti revoliyoné ak endisiplin qrav antre nan Pati an. on ak aktivite laj 1 ap devlope, ni nan aktivite poiilik anjeneral k ap têt nan peyi a. Se yon mank respè pou iit la ak pou Pati an.
3. Lè yon mililitan Pati an mete deyo oswa ki kitePati an toujou prezan anndan yon enstitisyon oswa yon MOUVMAN nou kontwole, direksyon Pati an dwe wè ansanm ak reskonsab enstitisyon an oswa MOUVMAN la, kouman pou jere eleman sa yo. Pou sa,
okenn militan pa qen dwa ref.i,ze d.i s k i t e a k enstans d i r i ijan_Pati._an_,Oswa _ak_.ens.t ans
k o t e l ap milite sou mod jesyon ansyen militan sa yo po wè ki mwayen ak dispozisyon k ap aplike
pou defann enterè Pati an ak lit la.
.
V. SENPATIZAN AK MIL1TAN
Bilan kèk lane montre klé kouman Pati an gen yon latriye moun ki pap fonksyone vre kom militan. Yo pa bay Pati an okenn plas nan kalandriye yo. Yo fè sa sa yo vle san okenn respê pou Pati an … Lè n ap kesyonen militans reyèl e efèktit yo, nou pa wè anyen ki sanble ak militan revolisyone lakay moun sa yo.
Yon moun ka deside pote kole ak yon Pati san li pa blije militan pou sa. Jounen jodi a, nou dwe klarifye estati tout militan Pati an. Yon Pati pa ka gen menm ekzijans pou militan ak senpatizan l. Se nan sans sa a, n ap bay diferan definisyon yo.
Sa Sa YE MILITAN ?
Nan peyi ki anba dominasyon enperyalis yo, lit kont revolisyon pran dives fom: swa pou anpecne mouvman revolisyonè a boujonnen, swa pou detounen l oswa pou bloke l, swa pou kraze l lé li reyisi derape. Tout fom sa yo gen yon mak fabrik ki pa chanje konsa konsa: represyon sovaj – asasinay dirijan revolisyone – asasinay lidè p o p i lè …
Kidonk, militan revolisyonè nan peyi sa yo se moun kl prepare pou goumen nan tout kondisyon difisil anba labanye yon estrikti politik revoliyone oganize. Sa vie di, se moun ki deside mache anba yon disiplin rèd ak yon liy revolisyone korèk ki ka garanti vansman ak siksè revolisyon an. Se moun ki asepte sakrifye pwop lavi, l pwop enterè ak volonté pèsonel yo depi lit la egzije sa.





